Byenvini sou sit entenet KNFP
Konsey Nasyonal Finansman Popilè
Vous êtes sur la Page de la Presentation de MOPP
MOPP : Mouvman Òganizasyon Peyizan Plezans
Travay akonpayman MOPP a tanmen depi preske yon lane. Lap fèt nan kad yon pwojè ki la pou mete kanpe yon Biwo Sèvis ak Ranfòsman òganizasyon peyizan yo (BSR). Pwojè sa se KNFP k'ap jere li. Biwo sa ap la nèt alkole pou li sèvis òganizsyon yo. Dokiman travay sa se rezilta yon gwo pwosesis ki enskri nan dokiman pwojè BSR la, kote aktivite yo gen plis pase 2 lane y'ap reyalize. Premye aktivite pwojè a sete bay òganizasyon peyizan yo bon jan enfòmasyon sou pwojè a ak kouman yo kapab patisipe ladann. Nan kad aktivite sa, gen kritè pou chwazi òganizasyon yo ki tabli toujou nan lespri sa pwojè a vize. Gen 9 òganizasyon k'ap gen chans patisipe nan pwojè sa, nan faz pilòt la, y'ap entegre pwosesis twa pa twa, ki fé n'ap gen twa òganizasyon nan chak tranch yo. Chak fwa yon gwoup òganizasyon rantre, daprè kritè ki tabli pou sa, gen yon seri aktivite ki fèt ak yo pou pèmèt yon jwenn tout zouti yo bezwen pou yo fonksyone byen.
Aktivite
Dezyèm akivite a, se chache konnen ak chache konprann kouman òganizasyon yo ap fonksyone, egzèsis sa pèmèt nou wè aklè kisa k'ap mache ak kisa ki pap mache byen andedan òganizasyon an ak fè bon jan pwopozisyon sou ki pi bon fason pou amelyore sitiyasyon sa. Travay sa ap fèt ak konkou tout estrikti ki prezan nan sen òganizasyon an. Se travay sa k'ap pèmèt nou rantre nan fon koze akonpayman an sou baz reyèl. Aprè dyagnostik la, òganizasyon an valide oubyen korije kontni dokiman sa, kote li rekonèt tout sa ki di andedan li an se verite yo ye. Apre sa, gen yon kontra ki siyen ak BSR pou bay akonpayman an yon valè legal, kote chak pati pran responsablite granmoun yo, pou yo travay men nan men pou yo rive jwenn tout rezilta ki enskri nan kad kontra sa. Twazyèm aktivite a ki se manman koze a pase nan akonpaye òganizasyon yo nan ekri plan estratejik yo, plan daksyon yo, tout dokiman ki nesesè pou mete patenarya solid sou pye, reyalize bon jan fòmasyon pou pèmèt estrikti sa yo aprann itilize tout zouti kontwòl ak jesyon nan kad ranfòsman òganizasyon yo. Demach sa dwe rapouswiv nan fè swivi total kapital sou fason plan yo ak zouti yo ap aplike.
Annonces et Avis
Activités du 10eme anniversaire
Présentation des résultats du projet d'appui aux MPE réalisé avec le financement de PRIMA de l'Union Européenne et de la SIDI
Cette cérémonie a eu lieu le 17 avril dernier à Le Plaza Hôtel au Champ de Mars, Salle Toussaint Louverture.
![]() |
|---|
|
|
|---|
|
|
Recherche rapide dans le site
Calendrier des événements
Nos entités
Kaypam yon kote agreyab pou fòmasyon ak dòmi








