Byenvini sou sit entenet KNFP
Konsey Nasyonal Finansman Popilè
Vous êtes sur la Page de la Presentation de MPGM
MPGM : Mouvman Peyizan nan Gwo Mōn
Istwa mouvman an sōti nan fason peyizan yo nan rejyon an te vle travay pou yo vin granmoun tèt yo. Pou sa te rive fèt, nan yon premye tan, travay sa tap fèt ak konkou responsab pawasyal Karitas yo, ki te pèmèt yo regwoupe yo pou yo te kapab swiv kèk seyans fōmasyon nan dives domèn ak yon bourad nan zafè lojistik pou mouvman an te ka kōmanse fonksyonen kōm sa dwa. Rapidman, travay mete ansanm nan te kōmnase bay bon jan rezilta. Tout dokiman MPGM te bezwen pou li fonksyone daprè règ jwèt la te tabli, objektif yo tap rapouswiv la tap vin pi klè de jou an jou, anpil lōt ti gwoupman ki te prezan lè MPGM tap fōme a ou byen kite vin pran nesans après sa, te deside mache ak mouvman paske yo te rekonèt yo nan demach jeneral sa.
MPGM te kouvri teritwa Gwo Mōn nan nèt, li te vin yon gwo estrikti ak gwo aktiite, tankou kredi ki tap bay nan baz mouvman sa. Yon evènman pral chanje sitiyasyon sa bout pou bout. Pè kite nan nanm mouvman sa te vin pran retrèt li ak tout konsekans sa te ka genyen. Moun ki ranplase li a nan dinamik sa pat f ōseman metrize tout aspè mouvman sa. Pou li, se te pwopriyete legliz katolik mouvman sa te ye. Sa ta pral premye erè moun sa. Konsa, li vin rantre nan konfli ak dirijan MPGM yo ki pat pataje lide sa. Difikilte sa pral tounen yon gwo obstak pou avansman mouvman an. Pè a ta pral itilize tout mwayen li genyen nan men li pou li fè dirijan sa yo rantre nan lojik posesyon legliz katolik la.
Pi gwo konsekans tire kōd pral genyen sou mouvman an, se pral lè Pè a pral voye yon sikilè bay tout ōganizasyon baz kite nan kredi ak MPGM yo, kontni mesaj la te senp, li voye di pinga yon kontinye peye enterè yo paske mouvman sa pa sou lobedyans legliz katolik ankō. Li pat pataje lide kote mouvman an se te yon mouvman layik, ki te vle fè yon devlopman san fōs kote. Tout moun ka patisipe depi ou vle chanjman, kesyon relijyon an pat yon kritè fondamantal pou te entegre MPGM. Anpil nan ōganizasyon baz la pat kontinye vèse enterè sou kredi yo, te pran an, konsa MPGM vin gen gwo difikilte pou li kontinye fonksyone byen paske resous ki nesesè pou sa a, te kōmanse fè li defo. Men dirijan yo pat chita sou defèt sa, rapidman yon mete sou pye yon estrateji pou te ranmase eskanp figi ōganizasyon an. Yon mache kay chak manm baz yo, pou yo esplike yo kisa ki a la baz konfli sa e mande yo pou yon pa patisipe nan kraze yon gwo mouvman konsa.
Aktivite
Men aktivite kredi a te pran yon gwo kou kanmenm, paske gen lōt pwoblèm kite déjà parèt nan jesyon kredi sa, mete ak tout difikilte lese frappe ak Pè katolik la, kredi a te fè fayit malgre bon jan motivasyon dirijan yo. Pwoblèm sa yo tou te vin mete yon fren nan aktivite transfōmasyon gwoupman fanm yo ki vin pa jwenn lajan pou yon kontinye fonksyone. Sitiyasyon sa vin pèmèt MPGM koupe fache nèt ak legliz katolik. Mouvman an pral kotinye chemen li. Pou sa fèt nan lojik fonksyonman yon ōganizasyon, gen divès aktivite chache konnen ki tabli sous tout reyalizasyon mouvman an, mete sou sa, yon pwosesis verifikasyon sou baz lalwa mete kanpe pou konnen aklè ak ki enstans tout byen MPGM yo ye, nan kad sa, tout teren ak lokal kote aktivite yo te konn abitye fèt yo rantre nan kad verifikasyon sa.
Travay sa pral pran tan ak lajan, pandan tan sa gwo demanch fèt pou yo mete kanpe yon kès popilè nan zōn nan. Aktivite sa pral rive fèt ak konkou kès Desjardins ki dakō pou finanse yon grenn kès, li pat rantre nan lojik bay bourad pou mete kanpe yon kès nan chak baz MPGM, malgre sete konsa demand dirijan ōganizasyon an te fōmile. Konsa, vin gen yon kokennchenn kès popilè ki pote non « Kès Popilè Espwa Gwo Mōn ». LI kreye nan lide pou pèmèt moun ki pa gen gwo mwayen yo jwenn kredi paske bank komèsyal yo pa janm deside fè aktivite konsa ak kategori moun sa yo. Li te la tou, pou anpeche moun sa yo kontinye pran kout ponya nan men izirye yo. Se nan lojik sa kès la ta pral kōmanse fonksyone. Men nan yon tan pi tap twō long, kès la pral fonksyon yon lōt fason, yo pral mete peyizan yo deyō nan estrikti sa, malgre se yo kite te kreye li. Kès la pral sanble tèt koupe ak tout lōt estrikti ki déjà egziste yo e kap mande gwo garanti pou bay prè yo, garanti kote moun ki te prensipal konsène yo pa ka satisfè. Pou listwa, gen ansyen dirijan MPGM ki sonje nan epōk sa, non kès la ta pral genyen mo peyizan an ladann, men yo te deside retire li aprè refleksyon pou yo pat fè diskriminasyon pa rapō ak lōt kategori moun kap viv nan rejyon an.
Annonces et Avis
Activités du 10eme anniversaire
Présentation des résultats du projet d'appui aux MPE réalisé avec le financement de PRIMA de l'Union Européenne et de la SIDI
Cette cérémonie a eu lieu le 17 avril dernier à Le Plaza Hôtel au Champ de Mars, Salle Toussaint Louverture.










