Byenvini sou sit entenet KNFP
Konsey Nasyonal Finansman Popilè
Vous êtes sur la Page de la Presentation de RACPABA
RACPABA : Rezo Asosyasyon-Koperativ pou Komès ak Pwodiksyon Agrikòl
Rezo Asosyasyon-Koperativ pou Komès ak Pwodiksyon Agrikòl (RAKPABA) se yon estrikti ki genyen sèt (7) òganizasyon kòm baz li. Oganizasyon sa yo soti nan 6 komin nan ba latibonit. Rezo a fonde nan lane 2001. Oganizasyon Baz li yo te gen antou jiska avril 2007 anviwon 2,000 manm.
Aktivite
Depi egzistans li, Rezo a fè plizyè aksyon pou kore batay k'ap fèt pou devlopman zòn nan. Aksyon sa yo fè li jwenn anpil senpati nan zòn nan. Men rezo a poko ka reyèlman ede manm li yo chanje sitiyasyon lavi yo, akòz aksyon yo pa rantre nan yon plan global, yo manke makonnen yon ak lòt e pafwa yo depaman ak ijans manm yo genyen nan difikilte y'ap travèse.
Konsta sa a fè dirijan rezo a konprann nesesite ki genyen pou aksyon yo makonnen yonn ak lòt pou manm yo ka benefisye yo pi byen. Pou rezon sa a, yo pwofite posiblite KNFP ofri yo gras ak Pwojè BSR la pou yo prepare yon plan estratejik pou rezo a ki pou sèvi bousòl pou gide li pandan 5 ane (2009- 2013) k' ap vini la yo.
Annonces et Avis
Activités du 10eme anniversaire
Présentation des résultats du projet d'appui aux MPE réalisé avec le financement de PRIMA de l'Union Européenne et de la SIDI
Cette cérémonie a eu lieu le 17 avril dernier à Le Plaza Hôtel au Champ de Mars, Salle Toussaint Louverture.
![]() |
|---|
|
|
|---|
|
|
Recherche rapide dans le site
Calendrier des événements
Nos entités
Kaypam yon kote agreyab pou fòmasyon ak dòmi








