Byenvini sou sit entènèt KNFP ////////////Bienvenue sur le Portail d’informations numériques du KNFP

Byenvini sou sit entenet KNFP

Konsey Nasyonal Finansman Popilè

Vous êtes sur la Page de la Presentation de RPM

 

RPM : Rassemblement Paysan Milot

Travay akonpayman RPM a tanmen depi preske yon lane. Lap fèt nan kad yon pwojè ki la pou mete kanpe yon Biwo Sèvis ak Ranfòsman òganizasyon peyizan yo (BSR). Pwojè sa se KNFP k'ap jere li. Biwo sa ap la nèt alkole pou li sèvis òganizsyon yo. Dokiman travay sa se rezilta yon gwo pwosesis ki enskri nan dokiman pwojè BSR la, kote aktivite yo gen plis pase 2 lane y'ap reyalize. Premye aktivite pwojè a sete bay òganizasyon peyizan yo bon jan enfòmasyon sou pwojè a ak kouman yo kapab patisipe ladann. Nan kad aktivite sa, gen kritè pou chwazi òganizasyon yo ki tabli toujou nan lespri sa pwojè a vize. Gen 9 òganizasyon k'ap gen chans patisipe nan pwojè sa, nan faz pilòt la, y'ap entegre pwosesis twa pa twa, ki fé n'ap gen twa òganizasyon nan chak tranch yo. Chak fwa yon gwoup òganizasyon rantre, daprè kritè ki tabli pou sa, gen yon seri aktivite ki fèt ak yo pou pèmèt yon jwenn tout zouti yo bezwen pou yo fonksyone byen.

Dezyèm akivite a, se chache konnen ak chache konprann kouman òganizasyon yo ap fonksyone, egzèsis sa pèmèt nou wè aklè kisa k'ap mache ak kisa ki pap mache byen andedan òganizasyon an ak fè bon jan pwopozisyon sou ki pi bon fason pou amelyore sitiyasyon sa. Travay sa ap fèt ak konkou tout estrikti ki prezan nan sen òganizasyon an. Se travay sa k'ap pèmèt nou rantre nan fon koze akonpayman an sou baz reyèl. Aprè dyagnostik la, òganizasyon an valide oubyen korije kontni dokiman sa, kote li rekonèt tout sa ki di andedan li an se verite yo ye. Apre sa, gen yon kontra ki siyen ak BSR pou bay akonpayman an yon valè legal, kote chak pati pran responsablite granmoun yo, pou yo travay men nan men pou yo rive jwenn tout rezilta ki enskri nan kad kontra sa. Twazyèm aktivite a ki se manman koze a pase nan akonpaye òganizasyon yo nan ekri plan estratejik yo, plan daksyon yo, tout dokiman ki nesesè pou mete patenarya solid sou pye, reyalize bon jan fòmasyon pou pèmèt estrikti sa yo aprann itilize tout zouti kontwòl ak jesyon nan kad ranfòsman òganizasyon yo. Demach sa dwe rapouswiv nan fè swivi total kapital sou fason plan yo ak zouti yo ap aplike.

Aktivite

Nan kad RPM, pwosesis sa rive nan plis pase mwatye wout li, kote tout atelye travay ak BSR la pèmèt nou rive ekri plan estratejik ak premye plan daksyon òganizasyon an. Malgre anpil reta ak lantè manm ki te patisipe yo ki se konsekans fason tou nèf sa pou nou gen tout dokiman fondamantal sa yo. Tout baz la te reprezante nan kad preparasyon dokiman sa, chak atelye travay te gen koròm reprézantan yo pou li rive fèt jan sa te deside nan kad yon rankont avèk RPM epi sa manman lwa òganizasyon an di. Se te yon pwosesis kote nou tap fè aktivite redaksyon sa kote nou tap aprann tou kouman pou nou fè li san lèd pratik pèsonèl BSR yo. Pedagoji travay la te pòte sou plizyè eleman; pwoblèm ak bezwen RPM ak kominote li ki te idantifye nan kad dyagnostik la, reyalizasyon òganizasyon an, fason li estriktire, bi ak objektif lap rapouswiv, sou kapasite jere resous yo tou.

 

Plan sa fèt sou senk lane, kote aksyon chak lane yo ap tabli nan yon plan daksyon, chak plan daksyon ap pèmèt nou ekri pwochen an san grate tèt. Kontni yo tout chita sou sa nou ka fè, sou sa nou dwe fè, sou kouman n'ap fè yo pou pèmèt RPM pran plis fòs nan fè aksyon ki pa depaman ak bi, objektif lap rapouswiv yo.

 

 

 

Annonces et Avis

 

Activités du 10eme anniversaire

Présentation des résultats du projet d'appui aux MPE réalisé avec le financement de PRIMA de l'Union Européenne et de la SIDI

Cette cérémonie a eu lieu le 17 avril dernier à Le Plaza Hôtel au Champ de Mars, Salle Toussaint Louverture.

Télécharger le rapport de la journée

>>>Flash<<<

KNFP est reconnu d'utilité Publique par Arrêté Présidentie

Recherche rapide dans le site

Calendrier des événements



Nos entités

Kaypam

Kaypam yon  kote agreyab pou fòmasyon ak dòmi

 

Nos Archives
Nos Visiteurs depuis Avril 2009

 

 

 

Google

Outils

 

.Nos Partenaires